Balon an oval

  • Balon an oval

N ap travèse yon gwo kriz sosyal ak politik. Yon moun pa bezwen ouvri gwo liv pou nou konprann sa, dayè reyalite n ap viv chak jou kapab temwanye sa. Chak moun ap viv ak lanmò yo anba bra yo, lè se pa grenn bal mawon ki touye nou, se grangou ki tenyen souf nou.

Ou pa bezwen gwo analis politik ni li nan gwo liv pou konprann desizyon prezidan peyi a ta dwe pran.
Si nou pa kontinye goumen pou chanje vi nou ak peyi n, gouvènman sa ap chanje nanm nou voye nou nan peyi san chapo grennpagrenn.
Moun ki gen kòd konsève yo, moun ki pa genyen tou Achte youn, jan bagay la ye la, kòd sa gen pou sèvi nou, lè nou tout deside pa viv nan reziyasyon ankò lè nou sispann mande kòb petwo karibe a pou lajistis ap fè n grimas, n a prann kòd la pann tèt nou grenn pa grenn.

Nou pa k ap tann yon alemye nan peyi a, si jounen jodi se pa sèl bandi ki pote zam, sa fè byen lontan depi zafè pote zam, pa sèlman zafè ti nèg k ap viv nan geto, nan katye popilè, zòn defavorize elatriye. Nou tout okouran sa k ap pase nan palman an, senatè nan twouve twò chèf, li pa gen pyès kont pou l rann ak pèsòn mete bal sou moun k ap revandike pou yon demen miyò. Zak senatè ak chèfdelòd yo montre nou klèman pouvwa sa pa sèlman yon pouvwa peze souse, antipèp, men se yon pouvwa k ap bwè san ti malere k ap chache lavi, se yon gouvènman tèt anba, tout moun tèt anba, lajistis tèt anba. Jounalis pran bal, manifestan pran bal, etidyan ap mouri se gwo chèf ki lakoz, se kase fèy kouvri sa.
Si tout moun pa bò isit te konprann jwèt k ap jwe a, olye pou yo pran bal mawon, fè polisye ak palmantè tire yo, pito yo ta fouye yon gwo tou epi antere tèt yo.
Nan yon peyi souf tipèp la ap degoute epi lanmò ap degoute nou, se lavi nou ki pa vo anyen.

Feguerson Thermidor

Laisser un commentaire